mercredi 25 mars 2020

Previzyon distribisyon COVID-19 an Ayiti

Dirije se prevwa

Nou ka obsève jesyon kriz Korona viris la an Ayiti pa koresponn ak gravite sitiyasyon an. Manke yon jesyon syantifik kesyon an. Sistèm kolèk done yo debil. Pa gen yon evalyasyon resous k ap nesesè pou reponn ak enpak pandemi a nan peyi a demen, lòt semèn, mwa k ap vini an, nan 6 mwa...

Avèk minimòm done ki disponib yo, li posib pou modelize kesyon an. Se sa m eseye fè. Se kontribisyon pa m nan endike ki kote pandemi an riske chita. Se sa ki endike ki kote n ap bezwen resous.

Rezilta yo apwoksimatif. Pou yon rezilta pi fen, se yon ekip ki pou ta chita ap travay tout jounen. Men mwe kwè modèl mwen an bay yon lide; li ka atire atansyon responsab entèvansyon yo sou kote pou yo mete enèji yo.


Kat mwen prezante a montre previzyon distribisyon jewografik 100 premye viktim maladi a. Nou ka di nan premye semèn avril la, n ap gen 100 viktim sa yo.

Rezilta yo montre se sou liy fwontyè a, Pòtoprens epi nan Latibonit gen ijans pou konbine resous nesesè pou swen malad yo epi pou limite difizyon viris la. Sa se nan yon premye tan. Nan yon dezyèm tan, nou ka atann pou gen yon gwo ogmantasyon ka yo nan Pòtoprens, Okap, Gonayiv epi sou fwontyè a. Apre sa, se tout peyi a k ap oblije fè fas. Nan ki mezi? Se yon kesyon ki se pezape li ka jwenn repons...