samedi 14 août 2021

Sekous sismik nan depatman Nip 14 dawout 2021

Pou optimize resous limite nou genyen yo pou pote sekou

Jou 14 dawout 2021 an, yon tranbleman tè ravaje penensil Sid peyi Ayiti. M ap prezante nou yon tablo ak yon kat ki rezime seri sekous ki frape nan jounen an. Done yo soti nan USGS.

Sekous sismik nan depatman Nip ak Sid, jou 14 dawout 2021
id Latitid Lonjitid Lè sekous Pwofondè km Mayitid Lokalizasyon episant
1 18.4079 -73.4753 08:29 10.0 7.2 4 km Nò ant Chanjye ak Lazil
2 18.3887 -73.8245 08:49 10.8 5.2 3 km Nò So Matirin
3 18.4531 -73.4612 09:14 11.0 4.1 1 km Nò Tomaren & 5 km Lwès Arno
4 18.2706 -73.4310 09:14 10.0 4.4 Ant Zanglè ak Aken
5 18.4506 -73.5952 10:02 10.0 4.2 1 km Nò Plezans Sid
6 18.4851 -73.5484 10:28 10.0 4.6 6 km Sidwès Ti Twou Nip
7 18.4906 -73.7093 10:40 10.0 4.2 5 km Nòdwès Baradè
8 18.4760 -73.6736 10:57 10.0 4.6 1 km Nòdwès Baradè
9 18.4932 -73.5949 11:08 10.0 4.2 5 km Ès Nòdès Baradè
10 18.5398 -73.7125 12:08 10.0 5.1 9 km Ès Pestèl (Gran Boukan)
11 18.4743 -73.6174 13:05 7.2 5.2 4 km Ès Baradè & 4 km Nò Plezans Sid
12 18.5910 -73.6128 14:11 10.0 5.1 Nan lanmè mwens pase 1 km Nò prèskil Gran Boukan

J.F. Tardieu dapre done USGS


Menm lè nou pa ko gen rapò sou dega yo, done sa yo pèmèt nou evalye ki kote ki pi afekte epi k ap bezwen plis èd.

Nou wè sekous prensipal la, ki parèt nan 8è29, frape nan zòn Chanjye ak Lazil. Li lokalize pratikman sou fay Tibiwon an (menm jan ak goudougoudou 2010 la). Touswita pre, yon bèl replik frape So Matirin. Nan 9è14, gen yon replik modere ant Zanglè ak Aken. Ant 9è14 la ak 14è11, nan yon entèval 5è dtan, gen 9 lòt replik ki souke nan menm zòn: Baradè, Plezans, Ti Twou.

Premye evalyasyon an ap konsidere lokalizasyon sekous yo epi konsantrasyon popilasyon yo.

Konsantrasyon sekous yo fè nou konprann gen anpil dega nan nò prèskil la nan nivo Ti Twou: komin Baradè, Gran Boukan, Plezans, Lazil, Ansavo, Ano, Fondènèg. Apre sa, Aken e sitou Kan Peren ak Manich ka gen bon kou dega tou.

Pou sa ki gen pou wè ak konsantrasyon popilasyon, 2 gwo moso ki genyen nan rejyon sa a, se Okay ak apeprè 200 mil abitan epi Fondènèg ak apeprè 100 mil abitan. Nou ka atann pou n jwenn yon volim dega ak sinistre nan Okay (tou pre replik Kan Peren an) epi Nan Fondènèg ki kole ak Lazil ki resevwa gwo sekous la.

Kidi, si bridsoukou n ap pote sekou, san nou pa ko gen yon evalyasyon fen, se pou n kouri nan zòn 1) Baradè/Lazil, 2) Okay/Kan Peren epi 3) Fondènèg.

Menm lè nou koumanse jwenn kèk enfòmasyon teren, analiz sa a ka pèmèt nou optimize aksyon nou, yon fason pou nou pa "gaye pay".

 

Jean-François Tardieu

TNC / Inivèsite Quisqueya

14 dawout 2021